Doulè nan pwatrin ki pa doulè kè
Nan anpil ka, moun ki vin nan la sèvis dijans avèk doulè nan pwatrin pa gen yon pwoblèm nan kè yo. Olye sa, doulè rive akòz lòt kondisyon. Ekip swen sante a dwe asire ou pa gen yon kòz pou doulè nan pwatrin lan ki mete lavi an danje, tèlke:

Apre gwo kòz sa yo te ekate, yo ka egzamine w pou lòt kòz doulè nan pwatrin. Sa yo gendwa pwoblèm nan poumon, misk, zo, tib dijestif, nè, oswa sante mantal. Yo gen ladan:
-
Anflamasyon toutotou poumon yo (plerezi).
-
Poumon plati (nemotoraks).
-
Anflamasyon nan poumon (plerit oswa nemonit).
-
Likid toutotou poumon an (epanchman pleral).
-
Kansè nan poumon (kòz ki ra pou doulè nan pwatrin).
-
Anflamasyon katilaj ant zokòt yo (kostokondrit).
-
Fibwomyalji.
-
Atrit rimatoyid.
-
Antòs nan kòf lestomak.
-
Refli.
-
Ilsè lestomak.
-
Kontraksyon nan ezofaj.
-
Kalkil bilyè.
-
Anflamasyon vezikil bilyè.
-
Kriz panik oswa anksyete.
-
Detrès emosyonèl.
Apre yoi fin egzamine w, si doulè nan pwatrin ou a pa sanble rive akòz yon pwoblèm kè, kontinye siveye siy pou avètisman yo ki endike anba la a.
Swen lakay
Swiv machaswiv sa yo lè w ap pran swen tèt ou lakay ou:
Swen swivi
Fè swivi avèk founisè swen sante w jan li konseye.
Rele 911
Rele 911 si ou gen:
-
Yon chanjman nan tip doulè a, pa egzanp ou santi l diferan, li vin pi grav, dire pi lontan, oswa kòmanse gaye nan zepòl, bra, kou, machwè, oswa do w.
-
Souf kout oswa ogmantasyon doulè nan respirasyon.
-
Feblès, vètij oswa endispozisyon.
-
Yon batman kè rapid.
-
Yon sansasyon krazman nan pwatrin ou.
Lè pou jwenn konsèy medikal
Rele founisè swen sante w oswa jwenn swen medikal touswit si w gen:
-
Yon tous avèk krache (flèm) koulè fonse oswa san.
-
Yon lafyèv 100,4 °F (38 °C) oswa pi wo, oswa jan founisè swen w endike.
-
Anfleman, doulè oswa woujè nan yon sèl janm.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.