Senyen nan Kòmansman Gwosès
Si w te bay san nan kòmansman gwosès ou a, ou pa poukont ou. Anpil lòt fanm ansent bay san nan kòmansman gwosès yo tou. Epi nan pifò ka yo, se pa yon bagay ki mal. Men, founisè swen sante w la dwe toujou konn sa. Yo ka bezwen fè tès pou yo konnen poukisa w ap bay san. Rele founisè w la si w wè san pandan gwosès la. Di founisè w la si san w gen Rh negatif. Apresa yo ka konnen si w bezwen tretman globilin iminitè anti-D.
Kisa ki lakoz senyen nan kòmansman gwosès la?
Kòz senyen nan kòmansman gwosès yo souvan enkoni. Men anpil faktè nan kòmansman gwosès la ka lakoz yon moun bay san klè (yo rele l tach) oswa senyen ki pi abondan. Tankou:
-
Fè sèks
-
Lè anbriyon an ap rantre sou kòl matris la
-
Senyen ant manbràn sak la ak matris la (senyen soukoryonik)
-
Pèdi timoun lan (foskouch)
-
Anbriyon an rete deyò matris la (gwosès ektopik)
Si w wè tach san
Senyen klè se kalite senyen ki pi kouran nan kòmansman gwosès la. Si w wè l, rele founisè swen sante w la. Gen anpil chans pou yo di w ou ka pran swen tèt ou lakay ou.
Si w bezwen fè tès
Tou depan de kantite san w ap bay, founisè swen sante w la ka mande w pou w vin fè kèk tès. Yon egzamen basen, pa egzanp, ka pèmèt yo wè nan ki pwen gwosès ou a ye. Ou ka fè yon ekografi oswa yon sonografi tou. Tès imaj sa yo sèvi ak onn son pou tcheke sante tibebe w la. Yo ka fè ekografi a sou vant ou oswa anndan vajen w. Ou ka bezwen tou yon tès san espesyal. Tès sa a konpare nivo òmòn ou nan echantiyon san yo pran yo nan entèval 2 jou. Rezilta yo ka ede founisè w la aprann plis sou enplantasyon anbriyon an. Y ap bezwen verifye tip san w tou pou evalye si w ap bezwen trete pou yon sansibilizasyon Rh.
 |
Ekografi a kapab ede verifye sante fetis la. |
Siy ki avèti yo
Si senyen w lan pa sispann oswa si w gen youn nan bagay sa yo, chèche swen medikal touswit:
-
Tranpe yon sèvyèt ijyenik chak èdtan
-
Senyen tankou w te gen règ ou
-
Kranp oswa gwo doulè nan vant
-
Santi tèt vire oswa ou pral endispoze
-
Tisi ki pase nan vajen w
-
Senyen nenpòt ki lè apre premye trimès la
Kesyon yo ka poze w
Senyen nan kòmansman gwosès la pa nòmal. Men sa ka rive. Si w te wè senyen, ou ka enkyete. Men, kenbe nan tèt ou senyen pou kont li pa vle di yon bagay ki mal. Jis asire w ou rele founisè swen sante w la touswit. Yo ka poze w kesyon tankou sa yo pou ede w jwenn kòz senyen w la:
-
Ki lè senyen an te kòmanse?
-
Èske senyen w yo trè lejè oswa yo tankou règ?
-
Èske san an wouj fonse oswa mawon?
-
Èske w te fè sèks dènyèman?
-
Èske w te gen doulè oswa kranp?
-
Èske w te santi tèt ou ap vire oswa w pral endispoze?
Siveyans gwosès ou
Senyen an ap souvan kanpe osi vit li te kòmanse a. Gwosès ou a ka tounen sou yon chemen nòmal ankò. Ou ka bezwen fè kèk vizit prenatal anplis. Men, ou menm ak tibebe w la ap anfòm.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.