Jònis se po a ak blan je yo ki vin jòn. Li soti nan yon sibstans jòn ki rele biliribin. Biliribin nan fèt lè globil wouj yo dekonpoze. Fwa ti bebe a trete l. Apre sa, li kite kò a nan pipi ak nan poupou ti bebe a. Si ti bebe yo pa manje epi si yo pa poupou anpil, li pi difisil pou yo elimine biliribin nan.
Biliribin nan fè po a ak blan je yo sanble ak lè moun gen jònis (jòn). Sa a nòmal apre akouchman an paske globil wouj yon ti bebe dekonpoze pi fasil epi fwa yo gen mwens matirite. An reyalite, apeprè mwatye nan tibebe ki fèk fèt yo gen jònis nan premye semèn lavi yo. Jeneralman li tanporè epi li pa bezwen tretman. Men, nan kèk ka, yon jònis ki pi grav se yon siy ki di kò ti bebe a pa ka elimine biliribin nan ase vit. Si nivo biliribin yo vin twò wo, li ka danjere pou devlopman sèvo a ak sistèm nève tibebe a. Nan ka sa a, ti bebe a bezwen fototerapi. Tretman sa a pèmèt yo akselere dekonpozisyon biliribin nan pandan y ap transfòme l sou yon fòm ki ka kite kò a pi fasil.
Ki jan sa a fonksyone
Lanp fototerapi
Youn nan metòd pou trete jònis se sèvi ak yon lanp fototerapi. Yo souvan itilize metòd sa a nan lopital yo. Yo souvan preskri fototerapi an inite senp, doub oswa trip. Sa a se kantite sous limyè yo itilize yo. Founisè swen sante ti bebe w la ap detèmine si ti bebe w la bezwen fototerapi epi konbyen inite pou l itilize. Y ap mete ti bebe w la anba yon limyè espesyal. Limyè sa a chanje fòm biliribin ki nan po a. Pandan tretman an, y ap kouvri je ti bebe a pou pwoteksyon ak konfò. Tout rès kò a toutouni, eksepte yon daypè. Nan fason sa a limyè a ap rive nan pi fò pati nan po a. Pèsonèl la ap chanje pozisyon ti bebe a souvan pou yo asire yo tout po a ekspoze anba limyè a.
Pandan fototerapi a, founisè a ap limite dire poz pandan tretman an. Si nivo biliribin nan pa grav, yo ka kanpe tretman an pou manje ak pou swen po a po. Ekip swen sante a ap kontwole nivo biliribin, tanperati, ak kantite likid (idratasyon) ti bebe w la ak anpil atansyon pandan tretman fototerapi a. Nouri ti bebe w la souvan. Nouri ti bebe w la pandan 8 a 12 fwa chak jou ap ede l elimine biliribin nan.
 |
Fototerapi a ede kò ti bebe w la elimine biliribin nan pi vit. |
Bilidra
Yon lòt metòd pou trete jònis la se itilize yon kousen a fib optik oswa yon bilidra. Tretman sa a ka fèt nan lopital la oswa lakay ou. Pou fototerapi adomisil la, ekip swen sante a ap ba w enstriksyon alekri sou fason pou w itilize kousen a fib optik la oswa bilidra a. Founisè swen sante w la ap mande pou yo ba w yon rekòmandasyon pou swen adomisil.
Bilidra a gen yon fouwo. Vlope ti bebe w la nan yon dra. Asire w pati nan dra a ki klere a an kontak ak po ti bebe a. Pa bouche tou pou lè pase ki nan bwat fib optik la.
Si w ap ba l tete, kontinye fè sa a pandan fototerapi adomisil la. Yon alimantasyon prekòs epi ki fèt souvan bese nivo biliribin nan. Nouri ti bebe w la pandan 8 a 12 fwa pa jou. Ou ka retire bilidra a oswa kousen an lè w ap bay ti bebe w la tete, men mete l sou po ti bebe a ankò lè w fini.
Pandan tretman an, li enpòtan pou w kenbe po ti bebe w la pwòp. Pa pase ni krèm ni lwil sou po tibebe a. Chanje daypè ti bebe a souvan. Verifye po a anba kousen an oswa anba dra a chak 2 èdtan epi chak fwa w ap chanje daypè yo. Chèche pou w wè si gen nenpòt ànomali nan po a nan zòn sa yo.
Ti bebe w la ap bezwen yon randevou swivi ak founisè a pou yon egzamen san pou yo ka verifye nivo biliribin nan. Li enpòtan pou w rele founisè swen sante w la si po ti bebe w la vin wouj, si li gen yon move dèyè chofe oswa si li toujou rete jòn. Di doktè a sa a si ti bebe w la refize manje, si li pa reveye, si li gen nenpòt chanjman nan aktivite l, si li kanbre do l oswa kou l, oswa si li kòmanse ap kriye byen fò.
Pou konbyen tan y ap bezwen fototerapi a?
Yo ka bezwen fototerapi a pandan kèk jou a yon semèn. Gen kèk ti bebe ki ka ale lakay yo epi yo ka benefisye yon fototerapi ki fèt ak sistèm terapi espesyal adomisil, tankou yon bilidra. Founisè swen sante a ap detèmine pandan konbyen tan ti bebe w la ap bezwen terapi a epi si li ka fèt lakay li. Kèlkeswa kote yo fè terapi a, y ap mande w pou w limite kantite tan ti bebe a pase san l pa anba limyè yo. Sa a bay pi bon rezilta posib pou tretman an.
Si nivo biliribin nan pa twò wo, ou ka kenbe ti bebe w la nan men w pou manje ak pou swen po a po. Yo ka bay ti bebe a likid nan sewòm (nan venn) nan lopital la si nivo biliribin nan twò wo oswa ap monte. Sa a ap lakoz ti bebe a pipi pi souvan, yon fason pou biliribin nan kite kò a pi vit posib. Founisè a ap siveye nivo biliribin ti bebe w la ak anpil atansyon pandan tretman fototerapi a. Sa ap ede l detèmine ki lè yo ka kanpe terapi a.