Aprè mamogram ou an: Konprann rezilta ou yo
Yon mamogram se yon seri imaj ekzamen tisi tete ou ki fèt ak eskanè. Yo itilize l pou jwenn pwoblèm nan tete w tankou kansè nan tete. Founisè swen sante ou a ap esplike ou rezilta yo. Asire ou poze kesyon si ou pa konprann sa yo di w la. Founisè swen sante w la ka konseye ou plis tès pou chache tout sa ki parèt sispèk. Sa ka rive. Si yo rele w sa pa vle di ou gen kansè.

Sistèm evalyasyon an
Se sèlman yon doktè (radyolojis) ka entèprete yon mamogram. Teknisyen ki te ba w fè tès la ka pale w de rezilta yo. Yo ka ap diskite de sa yo ap gade a pandan y ap fè ekzamen an. Radyolojis yo ap chache pwoblèm yo nan imaj yo. Aprè sa yo ap pran enfòmasyon sa epi yo rezime li an nimewo (nonb) epi yo voye l bay founisè swen sante ou a.
Rezilta mamogram ou an ap moutre nimewo 0 a 6. Nou konnen sistèm evalyasyon an kòm sistèm rapò done imaj tete a (BI-RADS). Sistèm sa a fè kominikasyon an ak suivi a presi ak pi fasil aprè tès yo. Founisè swen sante ou a ap pale ak ou de kategori mamogram ou an epi si gen yon bagay ou dwe fè aprè.
Bay tou sa yon sans
Gen 6 kategori pou rezilta imaj tete:
0: Mamogram ou an toujou pa konplè. Eskanè a ka flou. Sa ka fè li pa fasil pou yo li imaj la, pa ekzanp. Y ap bezwen plis enfò oubyen imaj pou yo mete yon vrè rezilta.
1: Sa vle di mamogram ou an negatif. Yo pa jwenn okenn siy kansè. Ou ta dwe kontinye fè ekzamen pa woutin.
2: Sa vle di tou mamogram ou an nòmal san okenn kansè. Men li vle di yo pa jwenn okenn kansè (benin) tankou kis. Ou ta dwe kontinye fè ekzamen pa woutin.
3: Sa vle di mamogram ou an pwobableman nòmal epi sa yo jwenn yo pa enpòtan. Lli Men gen yon ti (2%) chans pou li gen kansè. Ou ka plis bezwen suivi ekzamen chak 6 mwa.
4: Sa vle di sa yo jwenn yo sispèk. Founisè ou la dwe konseye w fè yon byopsi.
5: Sa yo jwenn yo plis gen chans gen kansè. Yo konseye w yon byopsi pou yo fè yon dyagnostik kòrèk.
6: Sa vle di yo dyagnostike w gen kansè nan tete epi patolojis la konfime dyagnostik la.
BI-RADS la ap rapòte dansite tete a.
Nan rapò ou a ap genyen yon deskrispsyon sou konbyen tisi fib ak glandilè ou gen nan tete w, kòm opose a tisi gras a. Yo rele sa dansite tete. Otan tete w dans, otan li ap difisil pou yo wè kote ki anòmal yo nan mamogram yo. Tete ki dans se yon bagay nou jwenn souvan. BI-RADS la klasifye dansite tete nan 4 gwoup:
-
Tete ki preske gen tisi gra sèlman
-
Tete ki gen epapiye ak tisi ki dans
-
Tete ki gen plis tisi glandilè ak fibrez, ka fè sa difisil pou yo wè ti timè yo
-
Tete ki dans anpil, ka fè li difisil pou yo wè timè nan tisi a
Si tisi tete ou dans, mande founisè swen sante ou la sa vle di pou ou. Asire w yo konnen istwa sante w. Di yo si ou konnen yon bagay nan istwa w ki ogmante risk pou w gen kansè nan tete.
Kisa ki ap rive si rezilta mamogram yo anòmal?
Menm si ti boul yo konn pa kansè, sèl jan pou w sèten se fè plis tès. Founisè swen sante w la ap òdone plis tès ki ka ofri w imaj ki plis klè epi plis detaye de zòn nan. Tès sa yo mande yon mamogram plis sible, yon iltrason, oubyen yon IRM Si plis tès moutre mas solid la, founisè swen sante a dwe konseye w yon byopsi. Yon byopsi se yon pwosedi ki pèmèt yo retire selil nan yon zòn sispèk pou chache kansè
Mamogram mwen an dekri tete m tankou yon èt etewojèn ki dans, sa ki ka bare ti mas yo. Kisa sa vle di?
Sa vle di ou genyen yon ti kantite tisi ki dans nan tete w. Sa konn rive epi li pa lakoz pwoblèm. Pafwa tisi dans lan ka fè sa difisil pou yo li yon mamogram byen. Founisè sante w la pral chache lòt opsyon nan imaj yo ak ou, si sa nesesè.