Krames by WebMD Ignite
Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Fè fas ak PTSD

Antanke yon ansyen konbatan, ou te viv evènman ke anpil moun paka konprann. Ou menm ak zanmi w yo te an danje. Lavi nan zòn lagè a te trè diferan de lavi nan kay la. Evènman ki estresan epi chokan depase yo ka entèwonp woutin chak jou ou yo. An reyalite, ou te petèt nan oswa wè sitiyasyon kote lavi moun te an danje. Epi ou te oblije kache santiman w ak reyaksyon w parapò ak estrès. Kounye a ou lakay ou. Menmsi ou an sekirite, gen yon bagay ki pa mache. W ap fè kochma. Oswa, souvni konba endezirab parèt sanzatann nan tèt ou, pafwa se yon son oswa yon sant ki deklannche yo. Ou ka santi w enkyè, fache, pè, koupab, oswa izole. Epi santiman sa yo pa vle pase. Sa yo se siy sendwom estrès pòs twomatik (PTSD).

De gason nan yon gwoup diskisyon ak yon founisè swen sante.
Yo ka fè kawonnseling (counseling) nan an gwoup ak lòt Veteran ki te fè eksperyans ki sanble ak pa w la.

Kisa PTSD a ye?

PTSD se yon santiman gwo laperèz ak anksyete. Li devlope apre yon evènman twomatik, ki te mete lavi moun nan an danje. Li nòmal pou w reyaji ak laperèz epi ak enkyetid devan danje. Men, santiman sa yo ta dwe sispann apre danje a fin pase. Nan ka PTSD a, kò w ak lespri w mal pou yo refè apre chòk la. Santiman ki fè w kwè ou an danje a ka rete pandan plizyè mwa oswa plizyè àne menm. Konba militè yo se yon koz PTSD ki kouran.

Kisa w santi lè w fè PTSD?

Sentom PTSD yo dire plis pase yon mwa. Yo ka gen ladan yo:

  • Souvni endezirab oswa entans de yon twomatis

  • Kochma

  • Souvni vivan (flachbak) ki fè w santi w tankou w ap reviv evènman an

  • Ou santi w enkyè, ou pè, ou gen anksyete, oswa ou sispèk

  • Gwo reyaksyon lè w raple w twomatis la (oswa san okenn rezon evidan pafwa)

  • Panse pèsistan sou konba, lanmò, oswa touye moun

  • Ou santi w dekonekte oswa ou izole, kòm si ou pa "ou menm"

  • Pèt enterè pou bagay ou te konn renmen fè

  • Ou santi ou ajite, ou sou tansyon, ou nève, oswa nenpòt ti bagay fè w sote

  • Aksè kòlè oswa iritasyon

  • Pwoblèm konsantrasyon

  • Difikilte pou dòmi pran w oswa pou w rete dòmi

Kisa ki deklanchè yo?

Nan ka PTSD a, bagay ki fè w sonje evènman twomatik la ka ba w enpresyon ou an danje ankò. Yo rele rapèl sa yo deklanchè. Yo raple w souvni, emosyon, ak reyaksyon fizik ki gen rapò ak twomatis la. Nan kèk ka, deklanchè a evidan. Yon kout loraj ka raple w bri tire. Oswa ou ka wè debri sou kote wout la epi toudenkou souvni yon bonm bò yon wout monte nan tèt ou. Kèk lòt fwa rapò a pa twò evidan. Pa egzanp, yon deklanchè ka se gou oswa sant yon manje ki te kouran kote ou te deplwaye a. Oswa tande yon vwa ki sanble ak vwa yon moun ou te sèvi menm lè avè l ka deklanche souvni yo. Deklanchè yo ka menm parèt nan rèv ou, epi fè w reyaji pandan w ap dòmi.

PTSD ka anpyete sou lavi w

Menm si w an sekirite nan moman an, PTSD a fè w gen enpresyon ou an danje. Lè sèvo w santi gen yon danje, kò w aji anvan menm ou reflechi. Lè ou rankontre yon deklanchè, sanzatann ou ka fache oswa pè. Anksyete ak adrenalin inonde kò w. Ou ka reyaji trè rapid. Ou ka pa menm sonje sa ki deklanchè a. Sa ka debouche sou gwo kriz ak konpòtman "ou pa konn kote yo soti." Lè ou gen PTSD, ou ka:

  • Rete lwen deklanchè tankou moun, kote, ak bagay ki fè w sonje twomatis la.

  • Gen gwo reyaksyon lè w jwenn yon bagay ki raple w twomatis la (tankou nouvèl nan televizyon sou lagè oswa konvèsasyon ak lòt militè).

  • Toujou obsève anviwònman w pou wè si pa gen siy danje.

  • Mete tèt ou an danje akoz reyaksyon bridsoukou pa rapò ak yon menas ou santi (tankou vire pou w ka evite yon vyadik pandan w ap kondi).

  • Bwè alkòl oswa pran dwòg pou ou pa panse ak twomatis la (otomedikasyon).

  • Chanje woutin ou pou w ka rete lwen deklanchè yo.

Tretman an ap ede w refè lavi w

Ou ka panse mande èd la se yon siy feblès. An reyalite, aji pou w ka amelyore lavi w mande anpil kouraj. Pale de yon twomatis ka difisil, men li ka fè yon gwo diferans. Tretman prensipal PTSD a se kawonnseling (counseling). Ou pral travay ak yon pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon pou sa a (terapet) pou w ka aprann nouvo fason pou w fè fas ak eksperyans ou yo. Yo ka preskri w medikaman tou pou ede w konbat anksyete, depresyon, oswa pou ede w dòmi. Pifò moun ki gen PTSD benefisye yon konbinezon konsèy ak medikaman.

Tip kawonnseling (counseling)

Yo fè kawonnseling (counseling) nan yon anviwònman ki san danje, swa an tèt a tèt swa an gwoup. Yo souvan fè terapi gwoup ak lòt Veteran ki te viv konba a. Yo souvan trete PTSD a ak youn oswa plis nan fòm kawonnseling (counseling) sa yo. Pale ak founisè swen sante w lan sou opsyon ou genyen yo pou w ka deside ki fòm kawonnseling (counseling) ki bon pou ou.

  • Terapi tretman kognitif (CPT) ede w fè fas ak panse negatif ki gen rapò ak twomatis la. Ou pral travay ak yon terapet pou w konprann pi byen ki jan ou panse epi ki jan ou santi w pa rapò ak sa ki te pase a. Epi w ap aprann konpetans pou ede w fè fas pi byen ak chòk la. CPT p ap fè w bliye sa ki te pase a. Men, li ka fè li vin pi fasil pou w viv avèk souvni yo.

  • Terapi ekspozisyon pwolonje (PE) ede w fè fas ak panse epi ak sitiyasyon ki gen rapò ak twomatis la yon lòt fason. W ap aprann teknik respirasyon ak teknik detant pou w kalme tèt ou lè w rankontre ak deklanchè yo. Avèk èd terapet ou a, ou ka mete w nan sitiyasyon ki raple w twomatis la (ekspozisyon in vivo). W ap aprann diminye reyaksyon ou yo amezi tan ap pase, sa ki ka ede w ak evitman yo. Ou pral pale tou de twomatis la pou ede w kontwole fason ou panse ak li epi fason ou santi w pa rapò ak li (konfwontasyon imajinè).

  • Lòt terapi pou PTSD yo gen ladan yo:

    • Fòmasyon sou teknik adaptasyon yo

    • Fòmasyon sou akseptasyon ak sou angajman

    • Desensibilization ak rekondisyònman pa mwaye mouvman je (EMDR)

    • Kawonnseling (counseling) pou fanmi

    • Sikoedikasyon sou PTSD

Sa k ap tann ou

Nan konba a, ou te viv evènman ki te enpòtan, ki chanje lavi w. Evènman sa yo ap petèt afekte ou nan yon sèten nivo pandan tout rès lavi w. Malgre sa, jwenn èd se yon gwo pa nan bon direksyon an. Tretman an ap difisil, epi gerizon an pran tan. Gen pasyans ak tèt ou. Menm si anpil moun pa konprann sa w te viv nan konba yo, ou pa bezwen fè fas a PTSD a pou kont ou. Aksepte èd ak sipò nan men fanmi w, zanmi w ak founisè swen sante w yo. Epi rete konekte ak zanmi militè w yo. Petèt gen plis moun pase sa w panse a ki ka konprann sa w te viv la.

Pou plis enfòmasyon

Pou plis enfòmasyon ak resous, kontakte liy kriz pou ansyen konbatan yo nan 800-273-8255 oswa sou entènèt nan www.veteranscrisisline.net. Ou ka voye yon mesaj nan 838255 tou pou sipò. Ou pa bezwen enskri nan avantaj oswa swen sante VA yo pou w benefisye sipò sa.

Si w ap panse pou w fè tèt ou mal

Mande èd kounya. Gen anpil fason ou ka soulaje doulè w yo epi jere pwoblèm ki nan lavi w yo. Pale a founisè swen sante w la, a kowòdonatè prevansyon suisid Administrasyon ansyen konbatan (Veterans Administration, VA) yo, oswa pale a yon zanmi oswa yon manm nan fanmi w. Pa rete tann.

Si w gen yon plan oswa w ap panse pou w fè tèt ou mal, rele 800-273-8255 epi peze 1 pou w ka konekte ak liy pou kriz ansyen konbatan yo. Oswa voye yon mesaj bay 838255 apati telefòn pòtab ou. Y ap mete w an kontak ak konseye pou prevansyon suisid ki fòme ki ap ede w. Gen yon opsyon sou entènèt ki disponib tou sou www.veteranscrisisline.net. Liy kriz pou ansyen konbatan yo gratis epi li disponib 24/24 ak 7/7. Ou ka rele 988 oswa ekri l yon mesaj pou yo ka mete w an kontak ak konseye pou kriz nan National Suicide Prevention Lifeline yo.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Disclaimer